Kiyès otè a ye?


Lit mwen yo
 "Lavi se yon lit li ye" se souvan sa yo di ; pa gen anyen ki t'ap fè sans si se pa't vre . Lit ki genyen nan sa ki kontré ak chwa wap fè, bay sans nan egzistans nou ,balans sa a enpòtan anpil . Richès pa tap gen enpòtans si povrete pa t egziste. Victor HUGO te di " Moun ki ap viv yo se moun ki ap lite". Ki valè sitasyon nan sosyete ayisyen an ? Eske mwen ka konsidere tèt mwen tankou yon litè? Eske pou sa mwen se yon vivan? Atravè tout pakou mwen nan vi sa, mwen pral eseye detèmine valè silojism sa nan vi mwen: Moun ki ap viv yo se moun ki ap lite, Nephtaly Andoney Pierre-Louis te toujou konn lite donk Li ap viv.


 Pou tout moun, lavi m ' te kòmanse nan lopital la Saint- Antoine Jeremie a 22h  jou ki te 27 jen 1993,  Men filozofi pa mwen an pa wè li konsa. Depi nan etap anbriyonè mwen te gen yon konba mwen tap menen kont yon fibrom ki te vle pran plas mwen nan matris manmanm ak nan mond vivan an. Malgre doktè te enpoze Marie Andree yon chwa difisil, li te ap aksepte soufri pandan 9 mois pou li te mete mwen sou tè sa e pemèt ranpote premye viktwa  mwen nan lavi a.



Poutan se pa ta pral premye a paske lit ki ta pral vini te pi difisil toujou men viktwa yo te toujou pi dous lè konsa. Youn ladan yo, se konba mwen kont gourou sosyal an Ayiti. Avèk absans de figi yon papa nan yon fwaye li konn trè difisil pou yon timoun byen epanouyi. Men yon lot fwa  anko se te san konte sou manman mwen ki te pral kreye yon bèl duo pou lite ak lavi a. Avèk senp tit pwofesè lekol li te konn asire mwen tout sa mwen bezwen e ban mwen meyè ankadreman ki te nesesè pou yon timoun. E mwen, mwen te rekonpanse li pou sa nan trvay byen lekol paske se sa ki te pi gwo fyète li. Li toujou ap di mwen ke li pa gen richès pou li kite pou mwen sof edikasyon.

Edikasyon pou mwen, se, konye a pi gwo zam mwen genyen pou mwen lite nan yon lot konba map mennen ki konsene avni mwen. Fiti an pafwa parèt enprevizib e li ka pote move sipriz, men mwen panse ke mwen toujou sou bon chemen an e mwen kwè ke chwa mwen yo bon ase pou mwen asire de bon deroulman avni mwen.

Mwen te vin rankontre yon lot atou sou chimen mwen ki vinn ranfose alye mwen yo nan la vi an. Li rele HELPR(HAITIAN EDUCATION & LEADERSHIP PROGRAM). Li pemèt mwen fè etid siperyè mwen nan Ekonomi, yon bagay ke mwen pasyone de li, e bon ankadreman anplis pou kontinye wout lan. Gen yon bagay ke mwen aprann nan HELPR ke mwen ap toujou kenbe nan tèt mwen e nan kè mwen: SIKSÈ=KAPSITE + VOLONTE+ OPOTINITE. Depi ou vle ou kapab e depi ou kapab ou ap toujou jwenn opotinite ki pou ede ou avanse vè siksè ou.

SA NOU PANSE, Apre tout ilistrasyon sa yo eske ou panse silojism de depa a vrè?




Aucun commentaire:

Publier un commentaire