Deskripsyon Pwojè a

Blog sa kreye pou adrese pwoblèm sektè infomèl la an ayiti. Li gen 5 paj: Akèy la, Paj sa ou ye la konye a, Paj ki ap dekri vizyon avèk objektif Blog la, on paj sou deskripsyon editè blog la, e on paj ki konsakre totalman a ksyon antreprenarya sosyal an Ayiti kom youn nan solisyon pwoblèm sa. Sou blog sa  nou ap toujou jwennn dè atik ki ap an relasyon avèk Ekonomi an jeneral, spesyalman nan pwoblèm aktivite enfomèl yo ki toujou rete yon gwo defi pou tout peyi pov yo. Se mwen ou byen yon lot jounalis ki ap ekri atik sa yo, e yo ap toujou akonpanye  de foto, videyo ak odyo.

Mwen deside ke lang ofisyèl blog la se Kreyol pou fasilite konpreyansyon men sitou pou ankouraje enteraksyon. Se pral youn nan fos blog la, paske li ap tounen yon platfom ki pral kote nou pral fè echanj, pou premye fwa sou fenomèn sa ki vrèman neglije. Kontni blog sa (atik, intèvyu...) pap konstitiye ou sous de verite absoli men yo ap, pito, dè direktiv pou oryante deba yo. Lektè a gen a dispozisyon yo dè mwayen ki pou fè yo vini abone blog la, sètadi pou you souskri a notifikasyon pa e-mail de aktyalite nou genyen yo. Pa ezite itilize gadget tradiksyon si nou pa pale kreyol.

Mwen espere de tou kè ke pwojè sa ap fèn plezi pou li ka ale pi lwen.

Nephtaly Andoney Pierre-Louis
Administratè

Aucun commentaire:

Publier un commentaire