jeudi 8 mai 2014

Aktivite enfomèl an Ayiti: Baz ekonomi de Sibzistans lan.

Nan yon liv ke ekonomis Jeffrey Sach Ekri ki rele "common wealth"(riches komen, mo pou mo), li pale de kat etap yon peyi ka pran sou chimen devlopman: Ekonomi Sibzistans, ekonomi komesyal, ekonomi de mache, ekonomi baze sou teknoloji. Nan ka pa nou, peyi dAyiti rete pyeje ant de premye etap yo a koz sitou troub politik e sosyal, koripsyon eks...Alos lè ou gen yon leta ki pa an mezi pou sibveni a bezwen esantyel popilasyon li, misè ak chomaj etabli tet yo nan sosyete a. 




Anplis paske nou poko ka soti tet nou anba asistana etranje, otorite nou yo tojou ap swiv endikasyon ak presyon kominote entenasyonal ki pafwa pa korespon ak sa popilasyon an bezwen. Nan santiman abandon e "degaje'w pou soti" sa, gwoup ki vilnerab yo oblije antreprann yon aktivite ki ka founi yon ti revni rapid pou kenbe ak lavi an. Nan sans sa, achte ak revann ti pwodwi an detay, pou yo, Se pi bon mwayen an. Ansanm aktivite sa yo fèt, malerezman ( men nou ka konprann), san kontwol otorite yo, sa vle di san pwosesis fiskal yo. Nan Tout kwen nan lari a, sou twotwa yo, nan yon kafou, sou yon moso teren, anba je tout pasan, ti degage de tout kalib fè de Ayiti, Port-au-Prince an patikilye kapital sektè enfomèl la. Nan Yon bel atik men ki an Fransè, Antonal Mortime ki se Sekretè egzekititif POHDH (Oganizasyon dwa moun sa) ap pale de sa li konpran de pwoblèm nan epi li pote de rekomandasyon pou otorite yo, al fe yon ti lekti epi na komante li nan yon lot piblikasyon...
Klike la pou li atik la

Aucun commentaire:

Publier un commentaire