Objektif/Vizyon Pwojè a

Vant an detay nan Lari
Depi lontan lari peyi nou an, patikilyèman sa kapital la, plen ak ti aktivite ekonomik ki bouche twotwa nou e menm koze yon difikilte pou sikilasyon fèt. Men Kote fenomèn sa Soti? Pou kèk moun li vini de yon tranzisyon mal fèt de yon ekonomi de sibzistans a on ekonomi komèsyal. Sa vle di sosyete a pat pran tou pou li te pran baz nan aktivite ekonomik sektè primè yo avan li pase a ekonomi ki baze sou acha ak revant machandiz ki soti etranje an mjorite.

Alos mwen kreye blog sa nan objektif pou pèmèt yon bi bon konpreyansyon sou orijin, koz, manifestasyon ak konsekans pwoblèm sa. Men tou nou ap eseye pote dè eleman de solisyon kote tout moun ap ka patisipe a travè forum yo. Sa mwen vle atann de pwojè sè ke blog sa vinn yon referans sous sijè a e ke moun ki konsene yo ka jwenn lide pou yo aji. Paske mezi ki pran jiskaprezan yo, tankou demantèlman ti machann yo, pa montre ke yo efikas.

Si ou ta renmen fè pati de rezo de diskisyon mwen vle kreye a travè blog sa, ou ka tou ranpli fomilè sa pou nou rete an kontak ansanm:


foxyform

Aucun commentaire:

Publier un commentaire