mardi 20 mai 2014

KI POLITIK POU SEKTÈ ENFOMÈL LA

Repotaj sa soti dirèktman nan Alquarra TV an Afrik, se yon chèn TV a lechèl entanasyonal. Yo ap fè eta de sektè enfomèl la sou kontinan afriken an, kote li reprezante 68% de ekonomi an. Yo rankontre tou ak ekriven Ali Mbaye pou yo gade ki solisyon ki eksperimante deja et kisa ki te ka fèt anplis pou solisyone pwoblèm nan. An nou gade...

jeudi 8 mai 2014

Reprezantasyon Fanm nan Sektè enfomèl la

Yo souvan di ke fanm yo se poto mitan yon fwaye yo, men ki plas yo okipe nan ekonomi peyi nou an? Fanm yo tankou nou ka remake li patisipe anpil nan ti aktivite ekonomik nou yo, sa ki ta dwe yon bon bagay pou pwosesis emansipasyon fanm nan peyi nou an. Malerezman patisipasyon yo fè pati 3/4 nan aktivite enfomèl nou an. Se yo, an majorite, ki ap jere ti komès nou wè nan lari yo, oubyen ti boutik nou abitye wè yo. Nou pa bezwen pale de mouvman madan sara yo ki tout jounen ap vwayaje nan bato, machin avèk machandiz. Gen anpil kesyon nou ta renmen poze sou sa, pa egzanp: Eske se nan anbisyon fanm yo pou yo pran endepandans ekonomik yo ki fè yo prezan konsa nan aktivite enfomèl la an AYITI?(Paske se yon sous de reveni rapid e senp menm ke li pap janm gwo). Nadjine Francois ap eseye pote kèk eleman de repons ak ti presizyon sou sa a travè videyo sa...
Klike la pou gade videyo a

NOUVO AK ANSYEN VIZAJ SEKTE ENFOMEL LA

Nan Piblikasyon sa mwen ta renmen pataje avèk nou Yon trevay de rechèch ke yon seri etidyan nan sosyoloji nan fakilte UEH la te reyalize an janvye 2013 sou ansyen ak nouvo vizaj ke Aktivite enfomel la prezante Se denyè tan nan peyi nou an. Yo pran youn apre lot kom egzanp aktivite: Chofe Taxi yo, machann minit rechaj rapid yo pou 2 konpayi kominikasyon peyi a (NAP TOUNEN SOU SA), Ti machann sachè dlo yo, machann manje kwit yo, bouretye yo...


... chargement d'un diaporama en cours ....
Klike la pou li atik la

Aktivite enfomèl an Ayiti: Baz ekonomi de Sibzistans lan.

Nan yon liv ke ekonomis Jeffrey Sach Ekri ki rele "common wealth"(riches komen, mo pou mo), li pale de kat etap yon peyi ka pran sou chimen devlopman: Ekonomi Sibzistans, ekonomi komesyal, ekonomi de mache, ekonomi baze sou teknoloji. Nan ka pa nou, peyi dAyiti rete pyeje ant de premye etap yo a koz sitou troub politik e sosyal, koripsyon eks...Alos lè ou gen yon leta ki pa an mezi pou sibveni a bezwen esantyel popilasyon li, misè ak chomaj etabli tet yo nan sosyete a. 


mercredi 7 mai 2014

Ankèt de IHSI sou aktivite Infomèl yo an ayiti

Taksi moto yo nan enfomèl la tou
Sektè enfomèl la nan peyi nou trè neglije. Se pfwa dè solisyon ki met dezod ke le pli souvan otorite yo anplwaye. Men nan tout priz de desizyon nou tout konnen enpotans done statistik. Eske nou ka di ke se a koz de yon mank de done ke moun ki responsab yo pa genyen ki fè yo poko ka adrese pwoblèm nan? Mwen pa kwè paske, gouvèneman nou an gen yon entitisyon ke li ap finanse pou fè ankèt pou li sou dè sitiyasyon byen detèmine. Lèfini, eske nou pa konn abity wè otorite nou yo ap aji san yo pa gad done statistik yo? E mwen konnnen lè sa se tankou ou ap poze aksyon je fèmen. Eske nou poko tande otorite nou yo ki ap voye monte nan sans kontrè ke sa done statistik yo di? Se de bèl kesyon pou nou poze. Nan sa ki konsène Sektè enfomèl la an ayiti IHSI te fè soti yon dokiman ankèt sou pwoblèm nan, li an fransè, men nou ka toujou fè yon ti gade li epi nan yon lot piblikasyon nan komante li:

Klike la pou plis enfomasyon

MENI DEROULANT

Meni dewoulant sa ap jwe yon wol de rakousi sou paj dakèy la pou tout atik ki sou blog ou ta remen jwen. Pa ezite itilize li: